Posted by hougansydney.com on Sunday, October 23, 2016
Under: Krim

Plis pase 170 prizonye sove nan prizon Akayè a, yon vil nan nò peyi Dayiti, a anviron 45 kilomèt ak kapital la, Pòtoprens. Yon gad ak yon prizonye pèdi lavi yo pandan echanj kout katouch. Lapolis konfime tou ke prizonye yo vòlè 5 fizi.
"Twa prizonye blese,pami yo youn ki mouri akoz bles li yo" Ministre Kami Edwa Jinyò deklare a jounalis yo.
Otorite ak sipò MINISTA kòmanse yon chas a lòm pou mete men sou fijitif sa yo. Gouvènman Ayisyen an kondane sa li rele yon masak nan prizon an.
Lapolis, jiska prezan gentan rerann onz nan evade yo, e yo etabli pwen kontròl sou tout wout ki bò prizon an. Lapolis gen li pou li kòmanse kolabore ak kòlèg dominiken yo a, paske dabitid laplipa prizonye ki chape poul yo toujou al kache kay vwazen an.
In : Krim