Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) ofisyèlman deklare nèg biznis lan, Jovnèl Moyiz, ganyan eleksyon prezidansyèl ki te fèt nan peyi a, 20 Novanm ki sot pase a, avèk 55%67 vòt yo.
Anons ofisyèl, madi swa a, pou nonmen Moyiz kòm pwochen prezidan, te finalman fèt aprè pwosesis elektoral la te tèt anba pou plizyè semèn, lakoz akizasyon fròd masif ak iregilarite.
Piblikasyon rezilta yo te retade paske twa pati politik te konteste yo devan tribinal elektoral yo. Men yè, aprè verifikasyon 12% bilton vòt yo o aza, Lakou Siprèm Elektoral la jije ke pat gen okenn prèv de "fròd masif" nan eleksyon yo.
Moyiz, ki te mennen kanpay sou banyè PHTK, pati politik ki te fonde pa Michèl Mateli a, ta dwe antre an fonksyon 7 Fevrye 2017. Li gen pou li fè fas ak yon gwo tach difisil pou li ini yon peyi ki si tèlman divize aprè yon eleksyon brital ki kòmanse depi Oktòb 2015, kote rezilta sila yo te montre ke Jovnèl Moyiz te rive an premye pozisyon, men rezilta yo te oblije anile aprè akizasyon fròd masif, ak manifestasyon ak vyolans.
Pako gen okenn rapò vyolan ou byen latroublay aprè piblikasyon rezilta definitif yo, men o mwen de pati -Fanmi Lavalas ak Pitit Desalin- deja deklare ke yo pa akspete rezilta yo.
In : Eleksyon