Mèkredi 17 Desanm 2014 se yon dat istorik nan peyi Etazini ak Kiba, aprè 50 long lane, de peyi finalman deside retabli relasyon dilpomatik. 
O Kiba, espesyalman nan Havana, sete fèt toupatou, moun nan lari ap danse, ap jwe mizik; klòch katedral ap sonnen, timoun lekòl rasanble, tout moun, granmoun kou timoun, devan yon televizyon ou byen radyo, ap koute deklarsyon prezidan Kiba ak Etazini.

Fidel ak Raul Castro te jete mennen yon revolisyon Kiba an 1959, ki te jete gouvènman diktatè Fulgencio Batista a. Etazini o kòmansamn te akspete nouvo gouvènman an, men an 1961 aprè Kiba vire jwenn Iniyon Sovyetik pandan gwo gè ki te pote pou non "Gè frèt" la aprè dezyèm gè mondyal la. Depi lè a, Etazini mete yon gwo anbago sou Kiba, ki gen anpil efè sou ekonomi zile karayib la.
Prezidan Obama pandan li tap anonse retablisman diplomatik yo, di ke se gouvènman Kanadyen an ansanm ak Le Pap Francois ki fè gouvènman de peyi yo rive sou kokenn chenn aranjaman sa.
Prezidan Ameriken Barack Obama di li lè pou Etazini pran leson de ideyoloji ki pa mache. Li di ke depi 50 an nou mete yon anbago sou Kiba ki pa itil ni nou menm Ameriken ni Kiben yo anyen.
Nan Nasyon Zini pa gen okenn peyi ki sipòte anbago Etazini a sou Kiba, ekspete Izrayèl. Ayiti chak ane, depi 50 an, vote kont anbago sila a.
Prezidan Kiben an Li menm fè konnen ke " Nan yon mond sivilize, fòk peyi aprann viv youn ak lòt  malgre diferans yo."
Retablisman relasyon diplomatik ant de peyi yo amelyore se vre, men anbago a poko leve ofisyèlman pliske se palman an ki pou leve li.
Obama anonse ke li deside konstwi yon abansad Havana e voye yon anbasadè pou reprezante peyi li a.