Nasyon Zini ap ankete solda endyen ki debake nan peyi a san vaksinasyon obligatwa kont Kolera
January 11, 2017
Nasyon Zini òdone yon ankèt sou sòlda Minista endyen yo an Ayiti, paske yo debake nan peyi san vaksinasyon obigatwa kont kolera.
Daprè yon rapò resan, plis pase 100 sòlda ki soti nan flò Asam nan, pi ansyen fòs milite endyen an, te ateri an Ayiti an Jiyè-Out 2016 aprè ministè enteryè nan peyi yo te sètifye ke yo te pran vaksen an.
Nasyon Zini mande gouvènman endyen an pou li bay yon deklarasyon ofisyèl, ou endike pou ki sa li te di ke sòlda te pran vaksen panda ke se pat vre.
Twoup endyen ki pa pran vaksen a se yon gwo skandal pou Nasyon Zini, paske se li kò mondyal ki te entwodwi flanbe kolera mòtèl sa a nan peyi a an 2010, aprè ke solda Nepalè yo ki te debake nan pei ak yon souch maladi, epi vide latrin nan rivyè latibonit lan, rivyè ki pi long nan peyi a, bakteri a te touye plis pase di mil (10.000) moun et rann plis pase ywi san mil (800.000) moul malad panda enk dènye lane yo
Vaksinasyon kont kolera te mandate pa Nasyon Zini en 2015 aprè yon kokenn chenn kritik pou epidemi an nan peyi karayib la ki deja pov la.
Li te pran plis pase six lane pou sekretè jenera Nasyon Zini an, Ban Ki moun, pou li te mande Ayiti padon pou maladi a.

Posted by hougansydney.com. Posted In : Sante