Zwing/Bits
Posted by hougansydney.com on Saturday, January 30, 2016 Under: Jean Dorcely Dede
Pou yon ti moso demokrasi
For a piece of democracy
Wachintonn fè Ayiti filalang
Washington is teasing Haiti
Ala Wachintonn chich papa!
How stingy Washington is, papa!
Konsèy elektoral malatyong
Malathion's electoral council
Konsèy elektoral zanmitay
Nepotism's electoral council
Konsèy elektoral pwovizwa
Provisional electoral council
Pou gouvènman pwovizwa
For a provisional government
Nan youn peyi
In a country
Kote pa gen jistis
Where there's no Justie
Kriminèl se sèl wa
Only the criminal is king
Pa gen maladi
There's no sickness
chaje ak lanmò
It's full of death
Odasye pase sa
More audacious than that
Ou pa ka wè la
You w'ont find
Koumanman!
Omigosh!
Je gouvènman an chèch
The government's eyes are drier
Pase dezè Sahara
Than the Sahara desert
Gen jeni nan tout bagay
There's a Phd for anything
Minis fakto prezidan
De Facto minister, president
Senatè depite magouyè
Senators, scheming deputies
tout se jeni malfektè
All have diplomas in crookedness
Lestomak chaje ak meday
Chests loaded with medals
Zepolèt chaje zetwal
Starry epaulettes
Jeneral brigadye
Brigadier general
Kòmandan chèf tou bagay
Commander-in-Chief of everything
Adye frè!
What a shame, brothers!
Gwo non k-touye ti chen
Big title kills the little doggy
Ti restavèk Wachintonn
Servant of Washington
Mache prese kouri
Get going, hurry, run
Ane 92 la fatige ak ou
"92''s tired of you
Pèp la ap tann ou an 93
The people are waiting for "93"
So vole w-a vole!
You're gonna get it then, really!
Monseyè devègonde
Monseigneur Pervert
Li lè li tan
It's high time
Pou w-al chante
You go sing
Youn libera nan Titanyen
A requiem in Titanyen
Pou tout kadav inosan
For all the innocent corpses
Lame makout la jete bay chyen
The macoute army threw to the dogs
Chanm nan senti wen
The Chamber stinks like dirty asshole
Palmantè pipi ladann-l
Representatives piss in it
Chanm lan santi ounk
The chamber stinks like an unwashed asshole
Konplotè bay dyare ladann-l
Plotters had diarrhea in it
Chanm lan tounen komòd lakomin
The chamber's become a public toilet
Pami tout bèt ki konn ranpe
Among all animals that crawl
Politisyen Ayiti pote premye pri
Haitian politicians take First Prize
Pèp la konn gou dyòl li
The people have their taste
Li chwazi manje li renmen
They choose the food they like
Ou paka fòsel manje merilan
You can't force us to eat rotten dry fish
Gen moun ki enbesil marasa
Some people are imbeciles twice-over
Youn, paske yo sanble enbesil
One, because they look like imbeciles
De, paske yo aji an enbesil
Two because they act like imbeciles
Magoyè chanje koulè
Plotters change colors
Pi rapid pase aganman
Faster than chameleon
In : Jean Dorcely Dede