Lè m'mouri, fè bèl vèy pou mwen
When I die, make me a beautiful wake
M'pa pral ni nan paradi ni nan lanfè
I'm going neither to paradise nor to hell
Pinga pè pale laten nan tèt mwen
Don't let a priest speak latin in my head
Lè m'mouri, antere mwen nan lakou-a
When I die, bury me in the yard
rasanble tout zanmi-m fè bèl fèt
Gather all my friends, make a big feast
Pinga pase legliz ak kadav mwen
Don't go past the church with my corpse
Lè m'mouri, se pou tout moun byen ge
When I die, everyone should really get happy
Ri, chante, danse, bay blag
Laugh, sing, dance, tell jokes
Pinga kriye, rele nan zorèy mwen
Don't bawl, yell into my ears
Lè m'mouri, m'pa fin ale nèt
I won't be completely gone when I'm dead
Tout kote k'ganyen bèl banbòch
All the places where they have great bashes
Kote nèg lib, fò yo nonmen non mwen
Where people are free-they'll remember me.
In : Felix Morisseau-Leroy